30/05/2025
Zo mò nan Vodou.
Li pa rekòmande pou w al pran zo mò ou pa konnen sou pretèks w ap batize l, w ap ba l yon non, li ka itil ou men ou pap jwenn efikasite pou w ta jwenn avèk youn ou konn non l, se de bagay diferan. Zo nou ta dwe gen lakay nou ta dwe zo yon paran se lè sa n ap jwenn efikasite zo a.
Gen de bagay w ap fè pou yon moun ki manke konesans se ak yon zo tèt moun fou, men si moun fou a se dwòg ki fè l fou, zo tèt li kab fè yon lòt bagay men l pap ka fè rityèl pou fè yon moun vin gen konesans entèlektyèl pou moun ki pa ka aprann lekòl, ak yon zo tèt moun fou ou ka fè anpil bagay pou li. Chak zo tèt gen yon siyifikasyon.
Zo tèt ti bebe gen reprezantasyon pa l gen mistik pa l li ka fè.
Zo tèt moun fou. Men pi bon zo tèt la se zo tèt malfektè, zo tèt entèlektyèl bon tou.Men lè yon moun te fò tout bon nan mistik, ou pran zo tèt li ou aktive l, pa kouri wè moun ap pran zo tèt pou w al pran l konsa konsa, fòk ou ka aktive zo tèt la, epi ou fè zo tèt sa vin tounen moun ankò, se kò moun lan ak tout nanm li menm ki anfas ou, kounye a se pa ou k ap travay, se moun sa ki te deja konn travay k ap travay avè
w nan mistik.
Gen yon zo tèt ki itil e enpòtan :
Si w ta nan konpetisyon avèk yon moun, li met dèyè w li di fòk li tiye w e moun lan rele gason vre, w ap lite l ap lite, men se yon moun ki gen ponyèt ki konn tiye moun ki ka tiye moun, men l pase li pa ka bon sou ou, se ou ki bon sou li.
Ou pran zo tèt sa, ou fè regleman w avèk li, ou mete l sèch, ou limen balèn sou li, dat pou w bwè soup ou bwè soup ladan l dat pou w bwè diven ou bwè diven ladan l, ebyen sa w konnen ou te gen sou ou ki te fè moun lan pa t ka manje w la, se pa anyen sa te ye devan sa w vin ye kounye a, pa chache moun kont ni anmède moun, men se kounye a moun pap ka atake w, moun pap ka pichkennen w.
Zo tèt enpòtan e fò anpil, yon moun ta sipoze gen zo tèt. Grate ti kal zo tèt ak regleman, li bon pou anndan vant. Men pa tande moun ap fè pou w al fè tou paske zo mò se pwazon tou. Fòk ou konen