28/11/2026
🚨🇭🇹 YON LÒT TIKTOKÈZ ANBA KÒD NAN AKAYÈ!
Daprè enfòmasyon Kreyòl Enfo rapòte, lapolis nan Akayè arete Maudeline Joseph, ke anpil moun konnen sou TikTok kòm “Maude”, vandredi 27 novanm 2026 nan zòn Bèsi.
Yo rapòte ajan BOID yo ta mete men sou li apre enfòmasyon ki ta lye li ak chèf gang Krisla.
Arestasyon sa a rive sèlman kèk jou apre fòs lòd yo te arete plizyè lòt jèn fanm, pami yo TikTokèz Kika, sou menm kalite akizasyon relasyon ak chèf gang la.
⚠️ Sa yo rete akizasyon. Se ankèt ak lajistis ki dwe etabli si gen vrè lyen kriminèl oswa non.
👇🏾 Nou menm, èske yon relasyon oswa prezans sou rezo sosyal sifi pou fè yon moun responsab pou zak yon chèf gang?